Kreyól

95 Express nan Broward / Sa ou Bezwen pou Konnen

Wout fondalnatal 95 Express ki nan Miami-Dade ki mezire 7 may la gen yon ralonjman ki fèt nan pati nò li rive tonbe nan Broward County. Kounya, 95 Express layite soti nan kwazman I-95 ak SR836 ki tou pre anba lavil Miami ale Broward Boulevard tou pre Fort-Lauderdale, kidonk yon total 21 may.

Se konsa  ak lajè fondalnatal 95 Express, yo sèvi ak kosyon monte desann (akòz blokis)  yo pou jere bourara ki nan Faz 2 a. Kosyon yo, ke yo ranmase yon fason elektronik ak transbòde SunPass yo, varye akòz valè trafik ki nan bò wout express la. 95 Express Faz 1 ak Faz 2 kounya menm rive ba ou plis chwa  lè ou sou pwen pou fè travès. Enfòmasyon sila a se nan lide pou ede ou planifye vwayaj ou epi itilize 95 Express. Pa bliye ! Chwa ou nan men w!

Kòman Li Mache

  • Bò wout 95 Express yo la sèlman pou machin ak bis ki konstwi sou  2 aks ki gen SunPass kòrekteman . Kanta kamyon ki gen twa oswa plis aks, yo pa otorize pase sou 95 Express si se pa ta sou kondisyon kòm machin emèjennsi.
  • Gen materyèl arebòwout k ap kontwole trafik la nan bò ranje express la epi tou pri kosyon yo ki la tanzantan pou jere yon sikilasyon san bourara. Menm jan trafik nan bò ranje express la ap degrese, konsa pri kosyon yo bese.
  • Chofè yo ap gen pou wè destinasyon ak afichaj montan kosyon yo anvan bouch antre sou ale express la ki ap kite yo konnen alèkile ki valè kosyon ki deziyen pou destinasyon ki afiche yo. Kant chofè a pase anba yon pano ki afiche valè kosyon an, tarif kosyon an tou makònen ak destinasyon ki parèt la.
    • Si tarif la ogmante, kliyan an pap peye plis pase sak te parèt nan pano a.
    • Si tarif la bese, kliyan an ap gen pi ba tarif la kòm bil.
  • Kliyan an ap wè yon kolòn eleman separe pou chak pasrèl ki rantre nan rapò a.
  • Yo kapab fè vyolatè yo peye $25 pa jounen plis kosyon an pou ka yo vyole a.
  • Gen kèk machin ki kapab epànye pou pèman kosyon yo, tanpri tcheke 1800234ride.com.

Pou plis enfòmasyon sou jan pou n pase nan 95 Express san n pa peye, kontakte South Florida Commuter Services nan nimewo 1-800-234-RIDE (7433)

 

 

Pou enfòmasyon sou moman ki gen blokis sou I-95, rele 511. Pou n konnen kondisyon sikilasyon an an dirèk, ale nan sit: http://www.smartsunguide.com. Se FDOT ak asosye SunGuide™ yo ki pèmèt nou jwenn sèvis gratis sa yo.